Atis britanik lan Ed Sheeran nan yon videyo ki pibliye sou chèn YouTube Hodinkee eksplike rezon ki fè li pa sèvi avèk telefòn ankò depi 2015. Chantè a fè konnen sa annwiye l nan plede ap resevwa mesaj epi pou ap fè repons rapid.
Li fè konnen nan videyo sa tèlman telefòn lan te anvayi l, sa te rann li estrese pandan l raple tou pou l di lè l te fini deside pa sèvi ak li ankò se tankou yon pwa ki te soti sou do l paske l te vin lib.
Anpil moun ka ap mande kisa Ed Sheeran itilize pou l kominike nan yon mond kote telefòn jwe yon gwo wòl nan koze Kominikasyon moun ak moun. Pou eseye konble sa, Ed Sheeran fè konnen li gen yon adrès E-mail, yon fwa de tanzantan li verifye bwat mesaj li epi reponn a yon dizèn mesaj epi fèmen òdinatè l.
Atis la fè konnen kounya li pran plezi pase plis tan ak pwòch li san li pa gen yon telefòn k ap sone oubyen vibre nan pòch li. Yon fason pou li ki vin rann lavi l pi senp san twò Konplike.